Sou Plan Swen Alontèm yo

Yon Plan Swen Alontèm ofri sèvis bay moun ki gen yon andikap oswa yon pwoblèm sante li soufri pou lontan. Plan ou a pral fè tou sa li konnen pou w jwenn sèvis swen alontèm ou bezwen yo. Swen alontèm gen ladan èd ak aktivite kotidyen ak aktivite pèsonèl, asistan swen lakay, swen lajounen pou adilt ak lòt sèvis.

W ap gen yon Kowòdonatè Dosye

W ap gen yon Kowòdonatè Dosye k ap aprann sou sitiyasyon ou epi pale ak ou sou sèvis ou yo. Kowòdonatè Dosye w la ap ede ou menm, ak nenpòt moun ou vle patisipe, devlope yon Plan Swen ki satisfè bezwen ou genyen ou menm yo.

Kiyès ki dwe antre nan yon plan?  

Ou dwe antre nan yon plan pou resevwa swen lakay Medicaid ak lòt sèvis swen alontèm si:

▪▪ ▪▪Ou gen ni Medicaid ak Medicare

▪▪ ▪▪Ou bezwen swen lakay ou, swen sante lajounen adilt, oswa lòt swen alontèm pou plis pase 120 jou (kat mwa)

▪▪ ▪▪Ou gen 21 ane oswa plis.

Si w pa chwazi yon plan, Pwogram Medicaid la ap chwazi youn pou ou. Li enpòtan pou w chwazi plan w la! Si w gen kesyon oswa ou ta renmen yon moun ede w chwazi yon plan, rele New York Medicaid Choice nan 1-888-401-6582. TTY: 1-888-329-1541:1-888-329-1541.

Kimoun ki pa oblije antre nan yon plan?

Kèk manm Medicaid pa oblije antre nan yon Plan Swen Alontèm pou resevwa sèvis yo. Yo ka antre nan yon plan si yo vle. Ou ka gade lis konplè ak moun ki pa bezwen antre nan yon Plan Swen Alontèm. Rele New York Medicaid Choice pou plis enfòmasyon.

 

Reach Us

1-800-505-5678

1-888-401-6582
(Sèvis kliyan pou swen alont1&m)

TTY 1-888-329-1541

Lendi-Vandredi
8:30 a.m. - 8:00 p.m.

Samdi
10:00 a.m. - 6:00 p.m.

Asistans Rapid

Ou gen kesyon? Nou la pou ede. Konseye nou yo ap byen kontan reponn kesyon ou yo. Epi tou nou ka ede w chwazi yon plan pa telefòn. Nou pale tout lang.