Sèvis Plan Sante

Ou jwenn sèvis yo ki nan lis anba a ak lòt sèvis. Kèk manm plan gen yon kotizasyon pou yo peye  nan moman yo resevwa sèten sèvis.

Kèk Sèvis Debaz:

  • Vizit doktè ak sejou nan lopital
  • Swen sante konpòtmantal (swen sante mantal; tretman pou abi dwòg/alkòl)
  • Swen Ijan
  • Referans kay espesyalis lè sa nesesè
  • Swen pou dan
  • Sèvis sante lakay ou, tankou asistan swen sante ak swen pèsonèl
  • Lòt sèvis tankou swen pou je, ekipman medikal, aparèy pou ede tande, tès VIH, konsèy, ak planin familyal.

Plan Bezwen Espesyal  Pou VIH

HIV Special Needs Plans yo se plan sante Medicaid pou adilt k ap viv ak VIH oswa ki te chanje sèks yo oswa ki kalifye kòm sanzabri. Timoun depandan ou ka antre nan yon HIV SNP ak ou tou. HIV SNP yo garanti tout sèvis swen sante debaz ak sèvis espesyalite ki enpòtan pou moun k ap viv ak VIH/SIDA oswa ki gen risk pou pran li. Doktè, enfimyè, ak lòt pwofesyonèl swen sante ki patisipe nan yon HIV SNP konprann bezwen espesyal moun k ap viv ak VIH/SIDA yo genyen. Pou jwenn plis enfòmasyon, rele New York Medicaid Choice.

Reach Us

1-800-505-5678

1-888-401-6582
(Sèvis kliyan pou swen alont1&m)

TTY 1-888-329-1541

Lendi-Vandredi
8:30 a.m. - 8:00 p.m.

Samdi
10:00 a.m. - 6:00 p.m.

Asistans Rapid

Ou gen kesyon? Nou la pou ede. Konseye nou yo ap byen kontan reponn kesyon ou yo. Epi tou nou ka ede w chwazi yon plan pa telefòn. Nou pale tout lang.