Medicaid Advantage Plus

Lè ou enskri nan Medicaid Advantage Plus, ou dwe enskri nan pwodwi Medicare plan an tou. Plan an ap regle tout swen alontèm ak sèvis sante ou yo. W ap chwazi youn nan doktè yo ki nan plan an pou li kapab Doktè Swen Prensipal (PCP) ou.

Sèvis Plan An

Plan an ap garanti tout swen lakay Medicaid ak sèvis swen alontèm. W ap resevwa tout sèvis Medicare ou yo nan plan an tou. Pi ba a se yon lis sèvis Medicaid ak Medicare plan an garanti.

Sèvis swen alontèm Medicaid

  • Sèvis sante lakay ou (Enfimyè, Asistan Swen Lakay, Espesyalis Nan Tretman ak Egzèsis)
  • Swen Pèsonèl (Ede ou benyen, abiye ak al fè makèt)
  • Swen Lajounen Pou Adilt
  • Swen Sosyal Pandan Lajounen
  • Swen Nan Mezon Retrèt
  • Sante Espesyalite (Zòrèy, Dan, Zye, Pye, Tretman ak Egzèsis)
  • Lòt Sèvis (Repa livre lakay ou, repons pou ijans pèsonèl)

Sèvis Medicare

▪ Vizit kay doktè

▪ Swen espesyalite

▪ Vizit nan klinik, entène lopital

▪ Sèvis sante mantal

▪ Radyografi ak lòt sèvis radyoloji

▪ Swen chiwoprakti

▪ Avantaj medikaman Medicare Part D

▪ Sèvis anbilans

Jan Pou Enskri

Rele New York Medicaid Choice si ou bezwen èd pou chwazi yon plan Medicaid Advantage Plus.

Konseye yo ap mande ou si ou vle antre nan yon plan ki mache ak ajans swen lakay la oswa lòt pwofesyonèl swen sante k ap ba ou swen kounye a. Fè yon lis doktè ak lòt kote ou resevwa swen yo nan men ou lè ou rele.

Konseye yo ap konekte ou ak plan ou bezwen an pa telefòn tou. Plan an ap finalize enskripsyon ou a. Pou pale ak yon konseye, rele1-888-401-6582. TTY: 1-888-329-1541

Reach Us

1-800-505-5678

1-888-401-6582
(Sèvis kliyan pou swen alont1&m)

TTY 1-888-329-1541

Lendi-Vandredi
8:30 a.m. - 8:00 p.m.

Samdi
10:00 a.m. - 6:00 p.m.

Asistans Rapid

Ou gen kesyon? Nou la pou ede. Konseye nou yo ap byen kontan reponn kesyon ou yo. Epi tou nou ka ede w chwazi yon plan pa telefòn. Nou pale tout lang.