Ki Moun Ki Pa Oblije Enskri Nan Yon Plan Swen Alontèm Kowòdone

Gade lis konplè ak moun ki pa bezwen antre nan yon Plan Swen Alontèm.

Moun sa yo pa oblije enskri nan yon Plan Swen Alontèm. Yo ka antre nan yon plan si yo vle:

  • Endyen Ameriken /Alasken Natif Natal
  • Adilt laj 18–20 ane ki bezwen plis pase 120 jou
       swen alontèm kominotè
  • Adilt ki kalifye pou rete nan kay retrèt epi ki enskri nan Pwogram Medicaid pou andikape k ap travay.

Moun k ap resevwa sèvis sa yo pa ka antre nan yon Plan Swen Alontèm. Nan kèk ka, ou ka kite pwogram ou an pou antre nan yon plan.

  • Moun ki enskri nan pwogram Asistans Pou Viv (Assisted Living )
  • Moun ki enskri nan pwogram Gwo Chòk Nan Sèvo [Traumatic Brain Injury (TBI)] oswa Tranzisyon & Divèsyon Nan Kay Retrèt
  • Moun k ap resevwa sèvis pou yon maladi tèminal oswa ki se rezidan yon sant sikyat oswa rezidansyèl oswa yon kay retrèt
  • Moun ki gen yon andikap devlopmantal epi ap resevwa swen nan yon sant, nan kominote a oswa atravè yon pwogram egzanpsyon.
  • Moun ki ap viv nan Kay Swen Fanmi Biwo Sante Mantal la bay lisans
  • Moun ki rete nan pwogram tretman rezidansyèl pou abi alkòl ak dwòg
  • Moun ki kalifye pou Medicaid sèlman pou sèvis ki gen rapò ak tibèkiloz
  • Moun ki pa gen asirans epi k ap resevwa sèvis pou kansè nan tete ak kòl matris epi ki poko gen 65 an epi kalifye pou pwogram pou detekte bonè a
  • Moun ki kalifye pou Medicaid sèlman pou sèvis ki gen rapò ak kansè nan tete ak kòl matris
  • Moun ki kalifye pou pwogram ekspansyon planifikasyon fanmi
  • Moun ki gen pi piti pase 6 mwa yo kalifye pou Medicaid oswa kalifye sèlman pou Medicaid pou ka ijan

Reach Us

1-800-505-5678

1-888-401-6582
(Sèvis kliyan pou swen alont1&m)

TTY 1-888-329-1541

Lendi-Vandredi
8:30 a.m. - 8:00 p.m.

Samdi
10:00 a.m. - 6:00 p.m.

Asistans Rapid

Ou gen kesyon? Nou la pou ede. Konseye nou yo ap byen kontan reponn kesyon ou yo. Epi tou nou ka ede w chwazi yon plan pa telefòn. Nou pale tout lang.