Dwa Ou Nan Yon Plan Swen Alontèm

Manm Plan Swen Alontèm yo gen sèten dwa, tankou dwa pou:

  • Jwenn sèvis atan pou ede ak yon pwoblèm sante oswa andikap oswa evite yo
  • Yo di w ki kote, kilè ak kijan pou jwenn sèvis ou bezwen yo nan Plan ou a oswa deyò Plan an
  • Yo di w sa ou bezwen konnen pou bay konsantman klè pou swen ou
  • Patisipe nan desizyon sou sante w ansanm ak dwa ou pou refize tretman
  • Resevwa swen san gade sou si w se yon fanm oswa gason, ras ou, kondisyon sante w, koulè w, laj ou, peyi ou soti, oryantasyon seksyèl ou, si w marye ou pa oswa relijyon ou
  • Yo pwoteje enfòmasyon prive nan dosye medikal ou ak lè ou resevwa tretman
  • Resevwa yon kopi dosye medikal ou ak pou mande yo  ajoute oswa korije sa ki pa kòrèk nan dosye ou
  • Yo trete w ak respè ak diyite
  • Yo pa kenbe w oswa fèmen w yon kote kòm yon mwayen pou fòse w fè yon bagay, pou disipline w, pou rann li pi fasil pou yo oswa pou pran revanj kont yon bagay ou te fè.

Kòm manm yon plan sante, ou gen sèten responsablite tou.

Ou dwe toujou:

  • Itilize pwofesyonèl swen sante ki travay ak Plan an pou sèvis ki kouvri yo
  • Resevwa otorizasyon nan men Kowòdonatè swen w la oswa ekip swen ou a avan ou resevwa yon sèvis ki kouvri
  • Pale ak Plan an sou swen ou bezwen ak enkyetid ou genyen
  • Di plan an lè w ap pati oswa vwayaje lwen kote w rete a
  • Kèk moun k ap fè yon sèten kantite lajan dwe peye yon kòb an plis pou resevwa avantaj Medicaid. Kòm yon manm Plan an, ou responsab pou peye lajan sa a bay Plan an.

Reach Us

1-800-505-5678

1-888-401-6582
(Sèvis kliyan pou swen alont1&m)

TTY 1-888-329-1541

Lendi-Vandredi
8:30 a.m. - 8:00 p.m.

Samdi
10:00 a.m. - 6:00 p.m.

Asistans Rapid

Ou gen kesyon? Nou la pou ede. Konseye nou yo ap byen kontan reponn kesyon ou yo. Epi tou nou ka ede w chwazi yon plan pa telefòn. Nou pale tout lang.