Regleman Sou Vi Prive
Regleman Sou Vi Prive
Dènye Chanjman: 7 janvye 2013
Entwodiksyon
N ap di w yon gwo mèsi pou ti vizit w ap rann sitwèb pou enskripsyon nan swen kowòdone New York Medicaid Choice la. Se MAXIMUS Health Services, Inc. ("MAXIMUS") k ap opere li pou Depatman Sante Eta New York la. Sitwèb sa a te kreye pou rann li pi fasil ak pi efikas pou moun ka antre an kontak ak Pwogram New York Medicaid Choice la. MAXIMUS rekonèt kijan li enpòtan pou moun ak biznis yo ka konnen y ap pwoteje enfòmasyon prive yo lè yo vizite sitwèb Medicaid Choice MAXIMUS ap opere pou Depatman Sante Eta New York la.
Regleman sou vi prive sa a, ki respekte règ yo ki nan Lwa Sou Sekirite Entènèt ak Vi Prive (Internet Security and Privacy Act),
Lwa Sou Libète Enfòmasyon (Freedom of Information Law), ak Lwa Pwoteksyon Vi Prive Pèsonèl (Personal Privacy Pwoteksyon law), dekri prensip sou kesyon vi prive MAXIMUS parapò ak enfòmasyon nou kolekte nan men vizitè sitwèb sa a. Regleman sa a dekri ki enfòmasyon nou kolekte ak fason nou itilize enfòmasyon sa yo. Paske regleman sa a se sèlman pou sitwèb sa a, ou dwe egzaminen regleman vi prive nenpòt sitwèb, ansanm ak lòt sitwèb ajans eta, ou monte sou yo pandan w ap itilize sitwèb sa a.
Pou rezon regleman sa a, "enfòmasyon pèsonèl” vle di nenpòt enfòmasyon ki gen pou wè ak yon moun yo ka itilize non, nimewo, senbòl, mak, oswa lòt bagay ki ka idantifye li, pou idantifye moun sa a. MAXIMUS pa kolekte okenn enfòmasyon pèsonèl sou ou sou sitwèb sa a amwenske ou bay enfòmasyon sa a ak volonte ou lè w
voye yon imèl oswa ranpli yon tranzaksyon sou sitwèb la.
Enfòmasyon Nou kolekte Otomatikman Lè w Vizite Sitwèb Sa a
Lè w vizite sitwèb sa a MAXIMUS ap kolekte ak anrejistre done sou fason ou itilize sitwèb la. Enfòmasyon sa a gen ladan
adrès Pwotokòl Entènèt (IP), sit ki refere w sou sit la, paj ou vizite, kalite navigatè, sistèm eksplwatasyon, vitès CPU ou, paj wèb ki refere w sou sit la oswa sa ou al vizite lè w kite sit la ak kantite tan vizit la dire. Okenn nan enfòmasyon yo nou sot mansyone la a konsidere kòm enfòmasyon pèsonèl.
N ap itilize enfòmasyon nou kolekte yo pou
amelyore sa ki nan sitwèb la ak pou ede MAXIMUS konprann pi byen kijan eksperyans la ye pou vizitè sitwèb la. N ap kolekte enfòmasyon sa yo pou fè analiz estatistik, pou konnen ki enfòmasyon ki enterese vizitè sitwèb la plis ak mwens, ak
pou rann materyèl yo ki disponib sou sitwèb la pi itil pou yo.
Nou pa p kolekte enfòmasyon pou fè maketing komèsyal epi MAXIMUS pa gen otorizasyon pou vann oswa itilize okenn lòt mwayen pou pataje enfòmasyon yo kolekte nan sitwèb la pou rezon maketing komèsyal.
"Cookie"
Menm jan ak pifò sitwèb, nou itilize sa yo rele "cookie", ak "Web beacon", ak lòt
zouti tankou sa yo pou ede manm yo itilize Sit la yon fason ki pi efikas ak pou
swiv aktivite yo. Yon "cookie" se yon ti kras done yon sèvè sou Wèb la transfere sou navigatè ou epi se sèlman sèvè ki te ba ou li a ki ka li l. Li fonksyone tankou
kat idantifikasyon ou epi li pèmèt MAXIMUS anrejistre
aktivite ak preferans ou yo. Yo pa ka itilize li kòm kòd oswa
bay viris. Se sèlman sitwèb MAXIMUS ki ka li
"cookie" ki soti nan MAXIMUS. Yon "Web beacon" se yon ti imaj transparan gif
yon antre nan yon paj HTML oswa imèl pou swiv
lè yon moun gade paj oswa imèl la. MAXIMUS itilize
"cookie" ak kalite zouti sa yo pou swiv fason ou itilize Sit la, kalite
Pwodwi ak Sèvis ou gade ak enfòmasyon ou telechaje,
konte vizitè nou
resevwa pa jou, epi sèvè Wèb nou an anrejistre otomatikman
IP/adrès Entènèt òdinatè ou a. Jeneralman MAXIMUS pa itilize enfòmasyon sa yo pou idantifye w pèsonèlman. Si w pa vle navigatè w la aksepte 'cookie" yo, ou ka modifye opsyon "cookie" nan konfigirasyon navigatè w la. Men, kèk opsyon oswa sèvis nou ofri kapab pa fonksyone byen oswa ou gendwa pa ka itilize yo san "cookie" yo.
Enfòmasyon Ki Kolekte Lè w Voye Imèl bay Sitwèb sa a oswa Fè Yon Tranzaksyon
Pandan w ap itilize sitwèb sa a ou kapab voye yon imèl bay MAXIMUS. Nou pral kolekte adrès imèl ou ak sa ki nan mesaj ou a. Enfòmasyon nou kolekte yo pa sèlman mo epi yo kapab son, videyo, ak foto ki nan mesaj la. Nou pral itilize adrès imèl ou ak enfòmasyon ki nan mesaj ou a pou reponn ou, pou eseye rezoud pwoblèm ou idantifye yo, pou amelyore sitwèb sa a, oswa pou voye mesaj ou a bay yon lòt ajans Eta a pou pran aksyon ki apwopriye a. Nou pa pral pran adrès imèl ou pou rezon komèsyal epi MAXIMUS pa gen otorizasyon pou vann oswa pataje adrès imèl ou bay okenn lòt mwayen pou rezon komèsyal.
Pandan vizit ou sou sitwèb sa a ou kapab fè yon tranzaksyon tankou ranpli yon aplikasyon pou enskripsyon. MAXIMUS pral itilize enfòmasyon yo, ansanm ak enfòmasyon pèsonèl ou te bay ak volonte ou pandan tranzaksyon an, pou opere pwogram New York Medicaid Choice la, ki kapab se bay machandiz, sèvis, ak enfòmasyon. MAXIMUS kapab pataje enfòmasyon li te kolekte yo bay Depatman Sante Eta New York si nou twouve li rezonab daprè kalite ak kondisyon tranzaksyon yo te soumèt enfòmasyon pou li a.
Timoun
Sitwèb sa a pa pou timoun ki poko gen 13 an, epi MAXIMUS pa kolekte enfòmasyon pèsonèl nan men timoun ki poko gen 13 kote si li konn sa. Sepandan, nou avèti vizitè yo nou pral trete enfòmasyon pèsonèl nou kolekte nan yon imèl yo te voye tankou yon bagay yon adilt te voye, epi amwenske lalwa Eta ak federal anpeche sa, yo kapab bay piblik la aksè ladan.
Enfòmasyon ak Chwa
Jan nou te di piwo a, MAXIMUS p ap kolekte okenn enfòmasyon pèsonèl sou ou amwenske ou te bay enfòmasyon an ak volonte ou sou yon imèl ou te voye oswa yon tranzaksyon ou te ranpli yon aplikasyon enskripsyon sou sitwèb la. Ou kapab chwazi pou w pa voye yon imèl pou nou oswa pa ranpli yon aplikasyon sou sitwèb la. Pandan chwa pou w pa patisipe nan aktivite sa yo kapab fè w pa resevwa tout sèvis oswa pwodwi an patikilye sou sit sa a, nòmalman li p ap fè w pa ka pwofite sou lòt opsyon sitwèb la ofri tankou pou navige oswa telechaje enfòmasyon ki disponib pou piblik la.
Piblikasyon Enfòmasyon Nou kolekte Sou Sitwèb Sa a
Fason nou kolekte enfòmasyon sou sitwèb sa a ak fason nou pataje enfòmasyon sa yo respekte règ yo ki nan Lwa Asirans Sante Pou Transferabilite ak Responsabilite [Health Insurance Portability and Accountability Act (HIPAA)] (Lwa Piblik 104-191), ak Lwa Sou Sekirite ak Vi Prive Sou Entènèt (Internet Security and Privacy Act). Sòf pou jan nou di pi ba a oswa lòt bagay lalwa di, MAXIMUS ap sèlman kolekte enfòmasyon pèsonèl sou sitwèb sa a oswa pataje enfòmasyon pèsonèl yo kolekte sou sitwèb sa a si vizitè a te bay konsantman pou kolekte oswa pataje enfòmasyon pèsonèl sa yo. Lè yon vizitè dakò pou li bay MAXIMUS enfòmasyon pèsonèl li, kit yo mande li ou pa, sa reprezante yon konsantman pou kolekte oswa pataje enfòmasyon an pou rezon vizitè a te bay MAXIMUS enfòmasyon an kòm yon konpayi ki gen kontra pou travay ak Depatman Sante Eta New York, jan yo twouve li rezonab daprè kalite ak kondisyon tranzaksyon yo te soumèt enfòmasyon pou li a.
Sepandan, MAXIMUS kapab kolekte oswa pataje enfòmasyon pèsonèl san vizitè a pa bay konsantman li si nou kolekte oswa pataje li paske: (1) li nesesè pou fè travay Depatman Sante Eta New York la, oswa nesesè pou MAXIMUS opere pwogram Medicaid Choice New York la jan lalwa otorize, oswa yon lwa oswa regleman otorize nan nivo eta oswa federal; (2) se daprè yon lòd tribinal oswa lwa ki te pase (3) pou valide idantite vizitè a; oswa (4) se enfòmasyon ki sèlman la pou itilize pou rezon estatistik ki fèt yon fason yo pa ka idantifye okenn moun an patikilye.
An plis, enfòmasyon nou pataje, tankou enfòmasyon pèsonèl, nou te kolekte sou sitwèb sa a pral bezwen respekte HIPAA, Lwa Sou Libète Enfòmasyon (Freedom of Information Law), ak Lwa Pwoteksyon Vi Prive Pèsonèl (Personal Privacy Pwoteksyon law).
MAXIMUS kapab pataje enfòmasyon pèsonèl ak otorite lapolis nan nivo federal ak eta pou mete an aplikasyon dwa li pou moun ki pa gen otorizasyon pa ka jwenn aksè oswa eseye jwenn aksè sou byen teknoloji enfòmasyon MAXIMIUS.
Fason nou Kenbe Enfòmasyon Nou kolekte Sou Sitwèb Sa a
MAXIMIUS kenbe enfòmasyon ki kolekte sou sitwèb sa a konfòmeman ak kontra li ak Depatman Sante Eta New York. MAXIMUS ap kenbe enfòmasyon, tankou enfòmasyon pèsonèl, ou voye nan yon imèl oswa yon aplikasyon enskripsyon sou sitwèb nou an pandan sis (6) ane konfòmeman ak plan sou jan pou kenbe ak jete dosye ki te etabli pou pwogram dosye depatman ou te soumèt enfòmasyon an. W ap ka jwenn enfòmasyon sou plan pou kenbe ak pataje dosye sa yo nan lis kontak regleman sou vi prive Entènèt ki nan regleman sa a.
Jan Pou Aksede ak Korije Enfòmasyon Pèsonèl Nou Te Kolekte Sou Sitwèb Sa a
Pou jwenn ak korije enfòmasyon demografik ak enfòmasyon sou kalifikasyon pou Medicaid moun nan dwe kontakte biwo Sèvis Sosyal Distri Lokal li a. Pou jwenn ak korije enfòmasyon sou jan pou enskri nan yon plan sante li dwe rele New York Medicaid Choice.
Amwenske lalwa di yon lòt bagay, nenpòt vizitè kapab voye yon demann bay ofisye konfòmite vi prive Depatman Sante Eta New York la pou konnen si yo te kolekte enfòmasyon pèsonèl sou vizitè sa a sou sitwèb sa a. Vizitè ak kapab ekri pou fè yon demann epi fòk demann lan gen bonjan prèv idantite vizitè a. Bonjan prèv idantite kapab verifikasyon yon siyati, yon bagay ki idantifye vizitè a li menm sèl konnen, oswa yon kalite idantifikasyon apwopriye konsa. Adrès ofisye konfòmite vi prive a se:
New York State Department of Health
Corning Tower, Room 2348
Albany, New York 12237-0044
Amwenke lalwa di yon lòt bagay, ofisye konfòmite vi prive a dwe bay moun nan aksè sou enfòmasyon pèsonèl la avan senk (5) jou biwo louvri apre li resevwa yon demann ki apwopriye; refize bay aksè ak yon lèt, pou eksplike rezon refi a; oswa ekri yon lèt pou rekonèt li te resevwa demann nan, epi di vè ki lè y ap aksepte oswa refize demann nan, epi dat la pa dwe plis pase trant
(30) jou apre dat yo te rekonèt yo resevwa lèt la.
Si Depatman Sante Eta New York te kolekte enfòmasyon pèsonèl sou yon vizitè sou sitwèb ajans eta a epi yo sipoze bay vizitè a enfòmasyon sa a apre vizitè a te mande li, ofisye konfòmeman vi prive a dwe enfòme vizitè a dwa li pou yo ajoute sou enfòmasyon pèsonèl la oswa korije li daprè pwosedi yo ki nan HIPAA a ak nan Seksyon 95 nan Lwa Ofisye Piblik la, amwenske lalwa di yon lòt bagay.
Konfidansyalite ak Entegrite Enfòmasyon Nou kolekte Sou Sitwèb Sa a
MAXIMUS angaje li pou l pwoteje enfòmasyon pèsonèl li kolekte sou sitwèb sa a pou moun ki pa gen otorizasyon pa ak antre sou li, itilize, oswa pataje li. Se sa ki fè MAXIMUS kite sèlman anplwaye ki bezwen ale sou enfòmasyon pèsonèl nou kolekte sou sitwèb sa a pou fè travay ofisyèl yo gen aksè. Anplwaye ki gen aksè nan enfòmasyon sa a swiv pwosedi ki apwopriye lè pou pataje nenpòt enfòmasyon pèsonèl.
MAXIMUS te mete an aplikasyon mezi sekirite rezonab sou plan teknik, administratif ak fizik pou pwoteje enfòmasyon ki ka idantifye w pèsonèlman kont moun ki pa gen otorizasyon pou jwenn antre sou li, modifye, oswa itilize li. Nou revize ak mete ajou mezi sekirite yo regilyèman pou koresponn ak teknoloji ki resan. Men nou vle fè ou konnen, malgre tout efò nou, pa gen okenn mezi sekirite ki sekirize nèt.
Avètisman Jeneral
Piga ou konsidere enfòmasyon nou bay nan regleman sou vi prive sa a tankou konsèy pou fè biznis, konsèy legal, oswa lòt kalite konsèy, epi pa konsidere li tankou yon garanti p ap janm gen erè nan sekirite enfòmasyon ou bay sou sitwèb sa a.
Avètisman Sou Lyen
Pou bay vizitè yo sèten enfòmasyon, sitwèb sa a kapab mete lyen sou sitwèb ajans gouvènman nan nivo lokal, Eta, ak federal, ak lyen sitwèb lòt òganizasyon. Menm si nou bay yon lyen sa pa vle di nou otorize sa ki ladan, pwendvi, opinyon, regleman, pwodwi, sèvis, si li egzat ou pa oswa si w ap jwenn aksè sou sitwèb la. Kou ou kite sitwèb sa a pou ale sou yon lòt sitwèb, menm si se yon sit Eta a ap jere, ou gen pou respekte kondisyon pou itilize sitwèb sa a li menm, tankou regleman vi prive pa li ak lòt bagay toujou.
Avètisman Sou Enfòmasyon
Enfòmasyon nou bay sou sitwèb sa a la pou pèmèt piblik la jwenn aksè nan enfòmasyon piblik imedyatman. Menm si nou fè tout efò pou bay enfòmasyon ki egzat, fyab, epi ou ka fè konfyans, MAXIMUS rekonèt posiblite pou gen erè moun fè ak/ou erè mekanik. Se sa ki fè, MAXIMUS, anplwaye, ofisye ak ajan li yo pa fè okenn reprezantasyon pou di enfòmasyon yo bay sou sitwèb la egzat, konplè, ajou, oswa apwopriye, epi yo pa bay okenn garanti sa.
Chanjman Nan Regleman Sou Vi Prive sa a
Nou ka mete regleman sou vi prive sa a ajou detanzantan. Lè nou fè sa, n ap revize dat ki di "dènye chanjman" sou tèt regleman sou vi prive a. Tanpri tcheke Sit la detanzantan pou vèsyon regleman vi prive nou ki pi ajou a. Si w kontinye itilize Sit sa a apre nou fin di w chanjman yo ki dekri anwo a sa vle di ou aksepte chanjman yo.
Enfòmasyon Kontak
Pou kesyon konsènan vi prive Entènèt sa a, tanpri kontakte:
pa imèl:
pa Lapòs:
Privacy Office
MAXIMUS, Inc.
1891 Metro Center Drive
Reston, VA 20190
Reach Us
1-800-505-5678
1-888-401-6582
(Sèvis kliyan pou swen alont1&m)
TTY 1-888-329-1541
Lendi-Vandredi
8:30 a.m. - 8:00 p.m.
Samdi
10:00 a.m. - 6:00 p.m.
Asistans Rapid
Ou gen kesyon? Nou la pou ede. Konseye nou yo ap byen kontan reponn kesyon ou yo. Epi tou nou ka ede w chwazi yon plan pa telefòn. Nou pale tout lang.