Poze Kesyon
Jan Pou Jwenn Swen
Kilè ak kijan pou w kòmanse resevwa swen nan yon plan
Apre ou fin enskri nan yon Plan Sante oswa Plan Swen Alontèm, w ap resevwa yon lèt konfimasyon nan men New York Medicaid Choice.
Lèt la ap di kilè w ap ka kòmanse itilize plan w lan. Si yo te chwazi yon plan pou ou, lèt la ap gen non plan an, ansanm ak jou w ap kòmanse ak plan an.
W ap resevwa yon lèt nan men plan w la. Nouvo plan an ap voye yon kat plan ak gid pou manm ki gen enfòmasyon sou sèvis ou yo. Nimewo telefòn plan ou a ap sou kat plan ou a. Rele nimewo telefòn ki sou kat la si w gen nenpòt kesyon oswa bezwen sèvis nan men plan w la.
Si w chwazi yon Doktè Swen Prensipal (PCP), rele PCP ou a pou pwograme yon randevou. PCP ou a ap rekòmande w bay yon espesyalis ak pou lòt sèvis sante ou bezwen. Nimewo telefòn PCP ou a ap sou kat plan ou a.
Si w chwazi yon Plan Swen Alontèm, Kowòdonatè Dosye ou a ap travay ak ou menm ak nenpòt moun ou vle pou devlope yon Plan Swen pou ou. Pandan premye 90 jou nan Plan Swen Alontèm ou a, Kowòdonatè Swen ou a ap fè aranjman pou w kontinye resevwa menm sèvis ou te gen avan w te antre nan plan an.
Reach Us
1-800-505-5678
1-888-401-6582
(Sèvis kliyan pou swen alont1&m)
TTY 1-888-329-1541
Lendi-Vandredi
8:30 a.m. - 8:00 p.m.
Samdi
10:00 a.m. - 6:00 p.m.
Asistans Rapid
Ou gen kesyon? Nou la pou ede. Konseye nou yo ap byen kontan reponn kesyon ou yo. Epi tou nou ka ede w chwazi yon plan pa telefòn. Nou pale tout lang.