Sou Plan Sante yo

Plan sante w la pral asire li ou wè doktè ki apwopriye a, lè ou bezwen a. Yon plan sante gen pwòp doktè, lopital ak lòt pwofesyonèl swen sante li. Ou chwazi youn nan doktè plan ou a pou li vin Doktè Swen Prensipal (PCP) ou. Manm NYC Medicaid k ap viv ak VIH oswa ki te chanje sèks yo oswa ki kalifye kòm sanzabri ka antre nan yon HIV Special Needs Plan (Plan Bezwen Espesyal pou VIH). Timoun depandan yo ka antre nan yon HIV Special Needs Plan ak paran yo tou.

Doktè Swen Prensipal ou (PCP)

PCP ou pral chèche konnen ou epi swiv kijan sante ou ap evolye. PCP ou ap rekòmande w bay espesyalis ak sèvis, tankou tès nan laboratwa tou. Si w bezwen al kote yon espesyalis souvan, espesyalis ou a ka PCP ou tou.

Kimoun ki antre nan yon plan

Pifò rezidan New York ki gen Medicaid dwe antre nan yon plan sante pou resevwa swen. Si w pa chwazi yon plan, Pwogram Medicaid la ap chwazi youn pou ou. Si w bezwen yon moun ede w chwazi yon plan, rele New York Medicaid Choice.

Kèk moun pa oblije antre nan yon plan

Kèk moun ki gen Medicaid pa oblije oswa pa ka antre nan yon Plan paske yo soufri yon maladi oswa pou lòt rezon. Ou ka jwenn lis konplè kalite moun ki pa bezwen antre nan yon plan sante sou bò goch paj sa a. Rele New York Medicaid Choice pou plis enfòmasyon.

Reach Us

1-800-505-5678

1-888-401-6582
(Sèvis kliyan pou swen alont1&m)

TTY 1-888-329-1541

Lendi-Vandredi
8:30 a.m. - 8:00 p.m.

Samdi
10:00 a.m. - 6:00 p.m.

Asistans Rapid

Ou gen kesyon? Nou la pou ede. Konseye nou yo ap byen kontan reponn kesyon ou yo. Epi tou nou ka ede w chwazi yon plan pa telefòn. Nou pale tout lang.